Prezidan ameriken an, Barack Obama, vizite yon moske Ozetazuni pou la premyè fwa depi li te monte sou pouvwa a. Pandan vizit sa a -ki dewoule nan jounen mèkredi 3 fevriye 2016 la- Misye Obama rankontre ak kèk mizilman ameriken nan katye jeneral Sosyete Islamik vil Baltimore la.
Yon jou anvan vizit sa a, nan jounen madi 2 fevriye a, pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, te pale pou l di:
“Se yon okazyon pou Prezidan an voye yon siyal klè bay manm kominote mizilman an Ozetazini pou di yo kòmkwa lidè ameriken an pral defann ak tout fòs dwa yo genyen nan peyi a pou yo adore Gran Mèt la jan yo pito ann akò ak tradisyon yo e eritaj relijye yo.”
Msye Earnest te kontinye pou l di Prezidan Obama ta pral patisipe nan yon table-wond ak lidè mizilman ameriken yo yon fason pou li tande preokipasyon yo epi konnen kisa yo gen nan panse yo; apre sa li pran lapawòl devan yon pi gwo piblik nan vil Baltimore.