Yon delegasyon Parl Americas, ki se rezo palmantè eta manm òganizasyon eta ameriken yo (OEA), rankontre ak prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, nan jounen mèkredi 3 fevriye 2016 la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou diskisyon yo te santre sou fonksyonman chanm bas la ak kriz politik peyi a ap travèse depi kèk tan.
Yon lòt kote, kriz politik kap devlope ann Ayiti a sete tèm pwogram Lib Tribin Sèvis Kreyòl la, Dyaloge ak Etazini, ki pase mèkredi 3 fevriye 2016 la. Envite nou sete Enjenyè Mathias Pierre, reprezantan ansyen kandida a la prezidans Moise Jean Charles nan G-8 la, ak Frandley Denny Julien, yon jounalis e analis politik ki baze nan Miami, nan sid Eta Florid. Yo te reyaji, antwòt, sou yon pwopozisyon sòti de kriz G-8 la pwopoze: yon gouvènman tranzisyon a pati de 7 fevriye, jou Prezidan Michel Martelly dwe kite pouvwa a; epi Premye Minis Evans Paul ta gen 48 tè pou l enstale yon nouvo gouvènman ki ta gen ladan n yon Prezidan "kap sòti nan Kou Kasasyon an e non pa nan palman an".
Anfen, kijan kèk ansyen jeran afè Leta ayisyen wè sitiyasyon an e ki analiz yo fè sou diferan pwopozisyon sòti de kriz ki fèt yo? Paul Gustave Magiore, ansyen Minis Enteryè sou gouvènman pwovizwa Gérard Latortue a, panse depi kriz la te pete a, genyen evolisyon ki fèt nan rechèch yon solisyon.