Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Kanpay Elektoral pou Dezyèm Tou Elekson yo Kòmanse Vandredi 8 Janvye 2016 la


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse ouvèti kanpay elektoral pou 2zyèm tou eleksyon jeneral yo demare vandredi 8 janvye a e l ap fini 22 janvye 2016, dapre deklarasyon yon pòt pawòl KEP a, Roudy Stanley Penn.
Bò kote pa li, nan yon nòt pou laprès Konferans Episkopal la remèsye doktè Ricardo Augustin ki te reprezante l nan enstitisyon elektoral la e ki remèt demisyon n nan semèn nan. Nòt Konferans la, ki pote dat 7 janvye, di li dispoze ranplase doktè Augustin pi vit posib pandan li mande lòt sektè ki gen reprezantan yo nan KEP a "fè sakrifis yon fason pou kredibilize pwosesis elektoral la" jan Komisyon Evalyasyon Elektoral la rekòmande l nan rapò li a.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 8 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:34 0:00
Direct link

Anons sa a parèt nan moman gouvènman ameriken an salye dekrè prezidansyèl 6 janvye a ki konvoke pèp la nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ 24 janvye 2016 la. Nan yon deklarasyon pòt pawòl Depatman Deta, John Kerby, pibliye nan laprès li di:" Gouvènman ameriken pa ka tann pou pwosesis elektoral la fini pandan li mande pou eleksyon yo dewoule nan lapè."
Nòt la presize "popilasyon an gen okazyon pou l fè tande vwa l lè l ap chwazi moun li vle dirije peyi a". Pòtpawòl Kerby di "Etazini pran angajman pou l travay ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a ansanm ak lòt patnè entènasyonal yo pou sipòte eleksyon jis e kredib ki dewoule nan sekirite e ki respekte volonte popilasyon an". Nòt la di pou fini "Etazini pa ka tann pou l travay ak yon gouvènman eli demokratikman sou kantite defi peyi a gen devann yo".

Misyon Obsèvasyon Elektoral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), bò kote pa l, konsidere kòm yon pa nan bon direksyon an "desizyon responsab yo pran pou fikse yon dat pou dewoulman 2èm tou eleksyon yo. Misyon an konsidere kòm yon mezi pozitiv desizyon pou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo pa dewoule nan menm dat ak eleksyon lokal yo, epi limit sou kantite mandatè ki ka gen aksè andedan biwo-d-vòt yo". Misyon an egzòte enstitisyon elektoral la pou l konsidere rekòmandsyon komisyon evalyasyon elektoral fè yo pou ranfòse pwosesis elektoral la. Misyon an ankouraje popilasyon an sòti al vote an mass epi patisipe yon fason aktif pou evite iregilarite ak vyolans ki te genyen nan dènye eleksyon yo.

Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa a renmèt jedi 7 janvye 2016 la sètifika bay Senatè ak Depite ki eli nan eleksyon 9 out ak 25 oktòb 2015 la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou kèk pami palmantè eli yo di yo pral travay nan 50èm lejislati a pou chanje imaj peyi a ak kondisyon lavi popilasyon an.

Anfen, Platfòm Politik LAPEH poze kondisyon pou kandida pati a, Jude Célestin, patisipe nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo ki fiske pou dimanch 24 janvye.
Korespondan nou nan vil Okay, Jean Hernst Eliscar, di plizyè eli gouvènman lokal yo mande enstitisyon elektoral la soumèt lis kandida eli yo bay pouvwa egzekitif la pou l kapab pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a : Le Moniteur.

XS
SM
MD
LG