Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Michel Martelly Konvoke Popilasyon an Nan Eleksyon 24 Janvye 2016


Prezidan Michel Martelly
Prezidan Michel Martelly

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, pibliye yon dekrè pou l konvoke pèp la nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo, 24 janvye 2016. Konvokasyon sa a, se repons chèf leta a apre yon korespondans Konsèy Elektoral Pwovizwa a te voye ba li. Antretan, konseye elektoral, Ricardo Augustin, reprezantan legliz katolik nan KEP a, renmèt demisyonn bay prezidan Michel Martelly. Jounalis Gregory Jean Philippe, k ap reponn kesyon jounalis Lavwadlamerik Jean Robert Philippe, di desizyon sa yo tonbe nan moman 2 diplomat ameriken (Konseye Depatman Deta, Thomas Shannon ak Kowòdonatè espesyal pou Ayiti nan Depatman Deta, Kenneth Merten) twouve yo nan peyi Dayiti pou yo rankontre otorite lokal yo.
Kesyon ki gen rapò ak eleksyon yo ak enstalasyon 50èm Lejislati a, ta dwe nan sant ajenda diskisyon yo.

Nouvèl Ayiti pou jedii 7 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:57 0:00
Direct link

Anfen, yon ansyen manm komisyon evalyasyon elektoral endepandan an mande prezidan Michel Martelly pou l chita dyalòge ak aktè politik yo pou evite yon kriz nan peyi a si yon nouvo prezidan pa prete sèman 7 fevriye 2016.

XS
SM
MD
LG