Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Pwopoze 24 Janvye pou Eleksyon Prezidansyèl Ak Lejislativ yo


CEP LOGO
CEP LOGO

Konsèy Elektoral Pwovizwa a pwopoze 24 janvye kòm nouvo dat pou 2zyèm tou eleksyon prezidansyèl e lejislativ yo dewoule apre rankont li fè madi 5 janvye a ak Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, sou enposibilite dat 17 janvye a e sou pèspektiv pou yon nouvo prezidan prete sèman 7 fevriye 2016, jan Konstitisyon ayisyen an prevwa l.
Dat 24 janvye a, se dènye pwopozisyon KEP a mete sou tab la apre enstitisyon elektoral la te ekri chèf leta ayisyen an pou di l l ap difisil pou yo respekte dat 7 fevriye a si eleksyon yo dewoule apre 17 janvye. Nan lèt la, Konsèy Elektoral Pwovizwa a te eksplike "kantite jou ki pèdi pou mete lojistik yo anplas, dekrè pou konvoke pèp la nan eleksyon ki poko pibliye ak rapò komisyon evalyasyon eleksyon 25 oktòb yo li potko resevwa, rann li difisil e menm enposib pou l fè eleksyon yo le 17 janvye.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 6 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:32 0:00
Direct link

Nouvo pwopozisyon an tonbe nan moman 2 diplomat ameriken, Thomas Shannon ak Kenneth Merten, ap rive nan peyi a mèkredi 6 janvye a pou diskite ak pouvwa egzektif la, KEP a ak lòt sektè sou kesyon eleksyon yo. Kominote entènasyonal la, Etazini an patikilye, san bliye Nasyonzini ak Unyon Ewòp la, mande responsab yo respekte echeyans kontitisyonèl yo ki prevwa enstalasyon yon palman 2èm lendi janvye e pou yon nouvo prezidan prete sèman 7 fevriye.
Prezidan Sena a, Andris Riche, ki te rankontre laprès, eksprimye enkyetid li pou pa gen plis pwoblèm nan peyi a si yon nouvo prezidan pa enstale nan dat konstitisyon an ak lwa elektoral la prevwa a.

Bò kote pa l, analis politik Gracien Jean di li pa gen pwoblèm ak dat 24 janvye a, men kesyon an se konnen si wi ou non Jude Celestin ap patisipe nan 2èm tou a, krent pou pa gen anpil moun ki al vote ak opozisyon an ki menase pou l mete sou pye manifestasyon.

Yon lòt kote, Pati Fanmi Lavalas ap òganize yon manifestasyon mèkredi 6 ak vandredi 8 janvye pou denonse rezilta eleksyon 25 oktòb pase a. Fanmi Lavalas kontinye ap reklame fòmasyon yon komisyon endepandan pou evalye rezilta eleksyon sa yo. Pati a mande tou demisyon manm konsèy Elektoral la.
Manifestasyon sa yo ap dewoule malgre yon komisyon evalyasyon endepandan fè rekòmandasyon pou mande "yon pase men" nan Konsèy Elektoral la epi pou pati konsène yo travay ansanm pou rezoud kriz la.
Group G 8 la ak pati Fanmi Lavalas rejte rapò komisyon an--yo pat rekonèt-- akòz fason pouvwa egzekitif la te seleksyone 5 manm yo.

Anfen, otorite Repiblik Dominikèn yo pran plis mezi sekirite sou frontyè ki separe Ayiti ak peyi panyòl, sitou nan vil Dajabon. Sanble desizyon sa a antre nan kad efò yap fè pou anpeche moun travèse frontyè a san dokiman legal.

XS
SM
MD
LG