Accessibility links

Breaking News

Sekirite a Ranfòse nan Anpil Peyi nan Okazyon Fèt Fen Dane yo.


Bòn Ane 2016 tout oditè, tele-espektatè ak entènot.
Bòn Ane 2016 tout oditè, tele-espektatè ak entènot.

Nan okazyon arive nouvèl ane a, otorite yo ranfòse mezi sekirite yo nan divès peyi atravè lemond akoz menas kèk atak teworis posib, nan moman pèp yo ap pare pou yo selebre kòmansman ane tou nèf la.

Youn nan premye vil kap make arive ane 2016 la, se Sydney, nan peyi Ostrali, avèk yon demonstrasyon fe-d'atifis moun pat janm wè anvan: pou yon espektak kap dire 12 minit sèlman, otorite yo achte 7 tòn fe-d'atifis ki koute yo 5 milyon 100 mil dola. Nan Djakata, nan peyi Endonezi, nivo eta d'alèt la rive byen wo ane sa a apre lapolis fin dekouvri yon seri de plan moun tap prepare pou yo lanse atak teworis nan kapital la pandan fèt fen dane yo. Nan Bruksèl -nan La Bèljik- majistra vil la anile selebrasyon ki ta pral make kòmansman ane a akoz yon menas teworis.

Nan peyi Lafrans, otorite yo nan kapital la, Pari, anile show fe-d'atifis anyèl la tou e yo diminye sou aktivite sware a; pa egzanp, yo fèmen tout wout ki debouche sou Champs Zelize a pandan 1-nèd-tan olye de 3 zè. Sepandan, espektak limyè yo toujou prezante anba Arc de Triomphe la pral dewoule jan yo te prevwa l la. Majistra Ann Hidalgo di Lafrans bezwen yon pasaj senbolik pou l antre nan nouvèl ane a epi voye yon siyal pozitif bay lemond pandan sitwayen fransè yo ap kontinye reprann yo anba atak teworis 13 novanm pase a ki te fè 130 mò.

Nan New York, Ozetazini, plizyè milye ajan-polis --ki gen nan men yo zam byen long, aparèy detektè a radyasyon, ou ki gen avèk yo chyen ki ka detekte bonm-- pare pou selebrasyon masif ki pral dewoule sou gwo plas piblik ki rele Times Square la, kote yo atann yo aske plis pase yon milyon moun reponn prezan. Lapolis, FBI (Biwo Ankèt Federal la) ak ajan Depatman Sekirite Teritoryal la fè konnen pa genyen okenn menas teworis presi ou kredib kont New York ni okenn lòt vil ki pral òganize selebrasyon. Sepandan yo pral trè vijilan, paske selebrasyon sa yo ap fèt kèk semèn sèlman aprè atak ke teworis te lanse nan Pari, an Frans, ak nan San Bernardino, nan Eta Kalifòni, Ozetazini.

XS
SM
MD
LG