Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Komisyon Evalyasyon Elektoral Endepandan an Bezwen Plis Tan pou l Prepare Rapò Li.


 Yon gwoup anplwaye nan yon sant de vòt elektoral (Achiv).
Yon gwoup anplwaye nan yon sant de vòt elektoral (Achiv).

Komisyon Evalyasyon Elektoral Endepandan an rate delè li te genyen e ki fini mèkredi 30 desanm nan pou l te voye rapò l bay gouvènman an Konsèy Elektoral Pwovizwa a sou kesyon pou konnen èske te gen frwod ak iregilarite nan eleksyon 25 oktòb 2015 la. Korespondan nou Renan Toussaint di nou komisyon an fè konnen li bezwen plis tan pou l mete yon bon rapò devan egzekitif la, KEP a ak pèp la.

Nouvèl Ayiti pou jedi 31 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:11 0:00
Direct link

Pandan komisyon sa a ap travay, deklarasyon 2 diplomat ameriken fè pwovoke anpil deba nan milye politik to a. Anbasadè Etazini ann Ayiti a, Peter F Mulrean, ak kòwòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, prezante pozisyon gouvènman ameriken an vizavi pwosesis elektoral la ann Ayiti pandan yo renouvle apui Etazini pou yon pwosesis "kredib e transparan". Kèk lidè politik pale pou di 2 diplomat yo ap chache enfliyanse rapò komisyon evalyasyon an.

Nap raple kowòdonatè espesyal Depatman Deta a te bay Lavwadlamerik, nan kòmansman semèn nan, yon entèvyou kote li te repete Lèzetazini pa gen okenn kandida nan eleksyon an. Sou kesyon ki konsène kout-lajan anba tab kèk kandida ta swadizan bay manm KEP a pou yo apiye kandidati yo e fè yo pase (epi yo pèdi eleksyon an kanmenm), Misye Merten lanse lide pou kandida sa yo ta swiv mwayen legal yo, ta swiv sa k di nan lwa elektoral la pou yo jwenn satisfaksyon yap chache a.

XS
SM
MD
LG