Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Premye Minis Evans Paul Espere yon Nouvo Prezidan Va Prete Sèman 7 Fevriye 2016


Premye Minis Evans Paul (Foto achiv).
Premye Minis Evans Paul (Foto achiv).

Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, ki te fè deplasman nan vil Miami, nan pati sid Eta Florid, pou l asiste antèman jounalis Pharès Duverné dimanch 27 desanm nan, pwofite okazyon an pou l rankontre ak kèk repòtè --pami yo te genyen korespondan nou Pierre Nazon Beaulière-- pou l pale de sitiyasyon politik la ann Ayiti. Chèf gouvènman an di li espere komisyon evalyasyon elektoral la ap pibliye rapò l disi jounen mèkredi 30 desanm nan e li gen espwa KEP a pral travay pou pèmèt pwochen prezidan an prete sèman nan dat konstitisyon an prevwa a, swa 7 fevriye 2016.

Nouvèl Ayiti pou lendi 28 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:07 0:00

Yon lò kote, nan vil Okay, moun ki idantifye tèt yo kòm patizan pouvwa a bloke yon manifestasyon opozisyon t ap òganize pandan wikenn nan pou pwoteste kont piblikasyon rezilta eleksyon lejislatif yo.

Nouvèl ki sòti Ayiti fè konnen, kontrèman ak ane pase yo, sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal la gen move konsekans sou fason popilasyon an abitye selebre fèt fen ane yo. Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, di majorite pèp la ap pase denye jou ane 2015 la nan gwo kè-pa-kontan, olye nan lajwa, lakontantman.

Anfen, seremoni antèman jounalis Pharès Duverné dewoule nan vil Miami an prezans, antwòt, plizyè manm ak pèsonalite kominote ayisyèn nan nan sid Florid epi kolèg li ak diyitè ki te fè deplasman an depi Ayiti.

XS
SM
MD
LG