Madam Frederica Wilson --reprezantan Eta Florid nan Kongrè ameriken an kòm depite Awonndisman Miami-Dade Nò avèk Broward-- reyaji apre desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pran pou l ranvwaye eleksyon ki te fikse pou 27 desanm yo ann Ayiti. Nan yon nòt pou laprès biwo depite a pibliye nan jounen madi 22 desanm nan, li di:
“Mwen byen kontan anonse 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo, ki te gen pou dewoule ann Ayiti nan dat 27 desanm nan, ranvwaye. Sa, se rekòmandasyon nimewo 1 mwen te fè nan yon lèt mwen te voye bay Sekretè Deta John Kerry semèn pase a daprè kontak mwen te genyen avèk manm gwo kominote ayisyèn ki nan pati sid Eta Florid la, ki te fè m konnen kè-sote yo konsènan kredibilite premye tou eleksyon an ki te dewoule nan mwa doktòb la.
“Mwen trè kontan di fèt ke, kòm rezilta demand mwen an, yo ranvwaye endefiniman 2èm tou eleksyon an pou pèmèt yon komisyon espesyal mennen ankèt sou kredibilite pwosesis elektoral la. Mwen te vwayaje ann Ayiti kòm manm yon delegasyon Kongrè a pou m te obsève premye tou eleksyon prezidansyèl la e m pral kontinye suiv pwosesis la de prè.
"San eleksyon onèt e ki merite konfyans, peyi a pap kapab avanse ekonomikman, ni bati fondasyon ki nesesè pou li ofri popilasyon vilnerab li a bon jan opòtinite pou li fè pwogrè.”