Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral la Ranvwaye Eleksyon ki te Fikse pou 27 Desanm 2015 yo


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Konsèy elektoral pwovizwa ayisyen an pibliye yon kominike nan dat 21 desanm 2015 la kote l enfòme popilasyon ayisyen an, pati politik yo ak kandida yo pou l di li deside ranvwaye eleksyon prezidansyèl, lejislatif, ak eleksyon pou kolektivite teritoryal ki te dwe fèt 27 desanm 2015 la.

KEP a di li pran desizyon sa a poutèt fòmasyon komisyon nasyonal pou evalyasyon elektoral la e poutèt enplikasyon evantyèl rekòmandasyon komisyon an kapab genyen sou kalandriye elektoral la.

Komike a pote siyati prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a Pierre-Louis Opont.

XS
SM
MD
LG