Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Nouvo Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti Ankouraje Pwogrè nan Pwosesis Elektoral la:


Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti: Kenneth Merten.
Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti: Kenneth Merten.

Nouvèl ki soti Potoprens fè konnen nouvo kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, anbasadè Kenneth Merten, ki twouve l nan Potoprens depi 19 septanm nan, rankontre jedi avèk reprezantan plizyè òganizasyon nan soyete sivil la pou yo pale de pwosesis elektoral la. Dirijan Inisyativ Sosyete Sivil la, Pwofesè Rosny Desroches, ki reponn kesyon Jean Pierre Leroy, deklare diplomat ameriken an ankouraje pwogrè nan pwosesis elektoral la e li montre Lèzetazini ta renmen wè aktè konsène yo anvanse ak òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 25 septanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:44 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon rankont dewoule jedi 24 septanm nan ant ofisyèl Ministè Ekonomi ak Finans, Minis Komès ak Endistri epi lidè Foròm Ekonomik Sektè Prive a sou desizyon gouvènman ayisyen an pran pou mande otorite yo n an Repiblik Dominikèn itilize bato pou fè 23 pwodwi dominiken antre nan pò Pòtoprens la ou byen nan pò Kap Ayisyen an, olye pou pwodui sa yo pase pa fwontyè 2 peyi yo pataje a (sètadi pa kamyon). Gouvènman an ak sektè prive a ann Ayiti rejte previzyon dirijan dominiken yo fè nan laprès kòmkwa desizyon sa a pral pwovoke yon ogmantasyon nan pri pwodui konsène yo sou mache nasyonal ayisyen an.

Anfen, Pap Franswa pran lapawòl vandredi 25 septanm 2015 la devan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyonzini nan New York. Souvren Pontif la te rive New York jedi swa apre li te fin pase plis ke 48 tè nan Washington DC, kapital Lèzetazini an, kote li rankontre ak Prezidan Barack Obama epi pwononse yon diskou devan 2 chanm kongrè ameriken an reyini.

XS
SM
MD
LG