Prezidan Barack Obama sèvi ak restan yon glasye kap fonn nan Eta Alaska pou l ilistre konsekans chanjman klimatik yo, nan moman lidè Lèzetazini an ap kontinye yon vizit istorik nan eta sa a, ki sitiye nan pa ti nò-dwès kontinan ameriken an. Misye Obama te pase jounen madi premye septanm nan ap fè virewon nan yon rejyon kote glasye yo fonn nèt sou yon distans 2 kilomèt pandan 2 syèk ki pase yo. Prezidan ameriken an bay opinyon pèsonèl li sou pwoblèm fenomèn sa a poze pou lemond:
“Sa fenomèn sa a vle di, sè ke akoz fason sezon ivè yo chanje, avèk mwens nèj epi sezon ete yo ki pi long e pi cho, sa eksplike avèk ki rapidite glasye yo ap fonn e sa voye yon mesaj sou ijans ki genyen pou nou prese aji pou n chache rezoud pwoblèm sa a. ”
Objektif vwayaj Prezidan Obama nan Alaska (yon vwayaj ki byen pwograme e byen gide) se chache apui piblik la pou politik administrasyon n nan genyen pou l pwoteje anviwonnman an epi konbat chanjman klimatik yo ki, daprè li, reprezante youn nan prensipal menas lemond ap konfwonte pandan 21èm syèk la.