Nouvèl ki sòti ann Ayiti fè konnen Tanpèt Twopikal Erika te bay plis kè sote pase li komèt dega. An tou ka, gras a yon kanpay konsyantizasyon Biwo Pwoteksyon Sivil la te mete sou pye, responsab yo te pran dispozisyon a travè tout tèritwa nasyonal la pou yo pwoteje popilasyon an epi limite dega ak kantite viktim move tan te ka komèt. Daprè bilan ki sòti Pòtoprens, gen yon moun ki mouri nan zòn Karyès, nan antre nò kapital la, Pòtoprens.
Nan Gran Nò a –kote previzyon te fè konnen Erika ta pral frape pi fò- nouvèl yo rapòte gwo van panik nan divès lokalite; men yo pa anrejistre viktim. Nan Depatman Sidès la, 4 kay an tou kraze, tandiske van ak dlo rivyè detrwi plantasyon nan Plenn Grann Savann, nan antre lès vil Marigo.
Pou Sèvis Kreyòl la gen plis detay, li pran kontak ak jounalis Rolex Mompremier nan Wanament (Depatman Nòdès) ak repòtè Fritzner Philogène, nan vil Jakmel (Depatman Sidès).