Nan Washington, yon lòt manm demokrat byen koni nan Sena a deklare li pa pral vote pou apiye akò nikleyè 6 puisans mondyal --pami yo genyen Lèzetazini-- te jwenn ak Iran an; sa vin mete plis dout sou posiblite pou antant la jwenn apwobasyon kongrè a.
Aprè Senatè Chuck Schumer (yon demokrat Eta New York) te pran yon pozisyon konsa, Senatè Bob Menendez (yon Demokrat Eta New Jersey) fè yon diskou nan jounen madi 18 out 2015 la pou l di Prezidan Barack Obama twonpe l lè l fè konnen akò a pral bloke an pèmanans pwogram nukleyè peyi Iran an. Misye Menendez di :
"An gwo, nou te panse akò sa a sete yon echanj, yon antant ban m m a ba w kote Iran kraze pwogram nikleyè l la, epi nou menm, nou leve sanksyon ki sou do l yo. Men, an fèt, sa nou gen la a, se nou menm kap leve sanksyon yo epi sèl sa Iran ap fè, se limite kapasite li sèlman, san li pa kraze pwogram nan oubyen diminye li jan l ta dwe fè sa a.
Senatè Menendez ajoute gouvènman islamik iranyen an vyole plizyè fwa nan le pase pwomès li te fè pou l kite pwogram nikleyè l la tonbe. Senatè Schumer, li menm --3èm manm ki pi enpòtan nan Gran Kò a-- te deklare nan mwa jiyè 2015 la li pap vote an favè akò sou pwogram nikleyè Teheran an.