Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap travay sou diferan rekòmandasyon ki fèt sou jounen elektoral dimanch 9 out 2015 la, daprè pòt pawòl KEP a, Frantz Bernadin. Korespondan nou Orpha Dessources di nou pòt pawòl la bay garanti sant tabilasyon an ap travay pou enstitisyon an kapab pibliye rezilta a mèkredi 19 out 2015 la, jan kalandriye elektoral la prevwa l.
Yon lòt kote, Depatman Deta Lèzetazini an, pa vwa pòtpawòl adjwen li, Mark Toner, bay pozisyon li sou anons otorite yo nan Santo Domingo fè pou di yo pral kòmanse depòtasyon ofisyèl imigran etranje sitou ayisyen kap viv ilegalman sou tè dominiken. Gouvènman ameriken an rekonèt dwa Repiblik Dominikèn genyen pou l depòte moun ki prezan sou tèritwa li san otorizasyon. An menm tan, li egzòte Peyi Panyòl pou l pa fè depòtasyon pa bann e pa pakèt epi, si lap fè depòtasyon, se pou l fè sa yon fason transparan ki respekte totalman dwazimen moun depòte yo.
Bò kote pa l, responsab Kolektif 4 Desanm nan, Jean Robert Argant, ki te fè yon sitin sou fwontyè 2 peyi yo pataje sa pa gen lontan, mande dirijan ayisyen yo pou pote dosye a devan lòt enstans entènasyonal. Msye Argant salye peyi tankou Etazini ki deja pran pozisyon sou dosye rapatriman etranje k ap viv nan peyi a ilegalman.
Anfen, Ministè touris ayisyen an anonse otorite yo deja pran tout dispozisyon pou dewoulman 12èm edisyon Carifesta ann Ayiti soti 21 pou rive 30 Aout 2015. Sekretè deta touris la, Jessy Menos, prezante retonbe ekonomik evenman an kapab genyen pou Ayiti.