Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Repiblik Dominikèn – Depòtasyon / Apèl Depatman Deta Lèzetazini an.


Pòtpawòl Adjwen Depatman Deta a, Mark Toner.
Pòtpawòl Adjwen Depatman Deta a, Mark Toner.

Depatman Deta Lèzetazini an, pa vwa pòtpawòl adjwen li, Mark Toner, bay pozisyon li sou anons otorite yo nan Santo Domingo fè pou di yo pral kòmanse depòtasyon ofisyèl imigran ayisyen kap viv ilegalman sou tè dominiken. Men deklarasyon Misye Toner fè sou dosye a:

“Lèzetazini byen o-kouran desizyon Repiblik Dominikèn pran pou l kòmanse depòte moun ki, daprè otorite yo, ap viv ilegalman nan peyi a. Nou rekonèt dwa Repiblik Dominikèn genyen pou l depòte moun ki prezan sou tèritwa li san otorizasyon. An menm tan, nou egzòte Peyi Panyòl pou l pa fè depòtasyon pa bann e pa pakèt epi, si lap fè depòtasyon, se pou l fè sa yon fason transparan ki respekte totalman dwazimen moun depòte yo. Règleman ki reji depòtasyon yo dwe ann akò avèk pwotokòl e pwosede ki klè, ki disponib pou piblik la konsilte e ki verifyab. Politik ak pratik sou nasyonalite dominikèn ak migrasyon fèt pou koresponn ak sa k di nan lwa dominikèn epi obligasyon ak angajman entènasyonal Repiblik Dominikèn genyen.

Nou egzòte gouvènman Repiblik Dominikèn nan pou l pèmèt gwoup sosyete sivil la ak òganizasyon entènasyo-nal --tankou Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon ak Biwo Wo Kamisarya Nasyon Zini pou Refijye a-- al obsève operasyon depòtasyon yo, san bliye jan sa ap pase sou fwontyè a. Nou gen gwo preokipasyon devan le fèt moun ki gen dwa jwi sitwayènte yo oubyen ki gen lòt dwa pou yo rete nan Repiblik Dominikèn pat gen ase tan, petèt ni mwayen, pou yo te pwofite pwosesis regilarizasyon ak ofisyalizasyon estati yo ki t ap pèmèt otorite dominiken aksepte demand yo. Poutèt sa, li ijan e nesesè pou Repiblik Dominikèn pase an revi yon fason reyèl e efikas dosye moun ki sou lis depòtasyon yo pou detèmine si vrèman yo se sitwayen dominiken, si yo merite jwenn pwoteksyon entènasyonal, oubyen si yo elijib pou natirali-zasyon oubyen regilarizasyon. Nan tou lè ka, Repiblik Dominikèn ta dwe pran dispozisyon apwopriye pou l evite yon sitiyasyon kote moun riske tounen apatrid epi tou pou l evite sezi yon fason diskriminatwa dokiman moun yo.
Nou ankouraje Repiblik Dominikèn ak Ayiti pou youn konsilte lòt epi kolabore antre yo pou yo tabli mwayen ak pwosede efikas pou pèmèt migran yo travèse fwontyè 2 peyi yo pataje a epi retounen an tout sekirite e nan lòd. Pwosesis sa yo dwe ann akò ak obligasyon e ak angajman entènasyonal chak peyi; yo dwe respekte eta de dwa, ofri pwoteksyon ki garanti tretman apwopriye depòte yo, epi fasilite retou san pèdi tan nan Repiblik Dominikèn moun ki depòte e ki gen dwa jwi sitwayènte oubyen dwa pou yo viv nan peyi a.

Lèzetazini pral kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an nan Repiblik Dominikèn, e lap pran kontak dirèk ak gouvènman Repiblik Diminikèn nan, pou l asire pwoteksyon dwamoun, ankouraje enklizyon sosyal tout moun, epi travay pou evite desizyon ki elimine yon fason abitrè nasyonalite moun ki sitwayen legal.”

XS
SM
MD
LG