Yon lidè relijye katolik, Monseyè Launé Saturné, mande popilasyon an an jeneral ak lidè politik yo an patikilye, travay ansanm jiskaske yo jwenn yon solisyon pou kriz peyi a ap travèse depi kèk tan deja. Korespondan nou nan vil Tigwav, Montigene Sincère, di nou dirijan Dyosèz Depatman Sid-Ès la lanse apèl sa a nan moman plizyè sektè kontinye ap konsteste premye tou eleksyon lejislatif ki te dewoule nan dat 9 out pase a.
Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ak plizyè reprezantan kominote entènasyonal la eksprime satisfaksyon yo pou sa yo konsidere kòm "bon dewoulman" eleksyon lejislatif yo. Obsèvatè etranje yo rekonèt te gen zak vyolans ak kèk iregilarite; men, daprè yo, sa pa rive nan yon nivo pou yo ta mande anilasyon eleksyon an. Si KEP a ak kominote entenasyonal la di yo gen rezon pou yo satisfè, majorite plizyè pati politik yo ak dirijan sosyete sivil la pa pataje opinyon sa a. Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik pale ak 3 pèsonalite ki bay pozisyon yo sou dosye a. Se youn apre lòt: Analis politik Gracien Jean; manm direktwa Pati Renmen Ayiti, Euvodie George-Auguste, ak kandida a la prezidans Pati UNIR la, Clarens Renois.
Anfen, Lendi 17 Out 2015 la , Diplomat Kenneth H. Merten ap pran fonksyon ofisyèlman kòm kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken an pou Ayiti avèk biwo li nan Washington DC. Mesye Merten ap ranplase nan pòs sa a Thomas Adams. Daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan anbasad amerikèn nan Pòtoprens, Mesye Merten, ki genyen yon long karyè nan sèvis a letranje, te anbasadè Lèzetazini nan peyi d Ayiti sòti an ane 2009 pou rive nan ane 2012. Apre li te kite Ayiti, li te okipe pòs Anbasadè nan peyi Kwoasi kote li te dirije misyon diplomatik Lèzetazini an ant 2012 e 2015. Diplomat la te pran nesans nan vil Saint Louis, nan eta Missouri. Li marye ak Susan Greenman Merten e koup la gen 2 pitit.