Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Depòtasyon/Kòmantè Diplomat Edwin Paraison.


Ansyen Minis Ayisyen Aletranje, Edwin Paraison.
Ansyen Minis Ayisyen Aletranje, Edwin Paraison.

Gouvènman ayisyen an poko reyaji piblikman sou desizyon otorite dominiken yo pran pou yo rejte rekòmandasyon ki nan rapò yon komisyon teknik Òganizasyon Eta Ameriken yo te fè apre yon vizit ann Ayiti ak Repiblik dominikèn kote manm komisyon sa a t al evalye sitiyasyon migran ayisyen Repiblik Dominikèn ap voye tounen yo. Delè 45 jou otorite dominiken yo te fikse pou yo kòmanse rapatriye etranje ki pat gen tan enskri nan Plan Regularizasyon Etranje yo, ap bout vandredi 31 jiyè 2015 la, a minui. Ansyen Minis Ayisyen k ap viv Aletranje yo, Edwinn Paraison, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di otorite 2 peyi yo kapab itilize kanal diplomatik pou yo rezoud pwen ki divize yo sou pwosesis rapatriman an.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 31 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:02 0:00
Direct link

Yon lòt kote, lajistis ayisyèn libere Alfredo Antoine, yon kandida pou pòs depite anba banyè Pati Konvansyon Inite Demokratik (KID). Lapolis te arete Misye Antoine sou akizasyon deske li ta "komèt fo ak izaj de fo" aprè kandida a te sòt patisipe nan yon emisyon lib tribin sou yon estasyon radyo nan Pòtoprens. Sepandan, jij enstriksyon Etzer Aristide --ki te tande akize a-- mande l pou l rete a la dispozisyon lajistis. Kandida a rejte akizasyon yo.

Anfen, yon kowalisyon kandida nan Plato Santral la denonse yon advèsè yo ki antre nan kous la sou labanyè PHTK (Pati ki sou pouvwa a), Romel Beaugé ki, daprè yo, ap itilize materyèl Leta pou l mennen kanpay elektoral li. Kandida Beaugé rejte akizasyon sa a.

XS
SM
MD
LG