Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Polis Nasyonal la Anonse yon Plan pou Garanti Sekirite Vòt Lejislatif la.


Yon batayon PNH (Polis Nasyonal d Ayiti a).
Yon batayon PNH (Polis Nasyonal d Ayiti a).

Platfòm Verite ap òganize yon manifestasyon nan jounen mèkredi 29 jiyè 2015 la pou denonse zak vyolans ki, daprè platfòm nan, ap fèt sou kandida li yo pandan kanpay elektoral la epi mande KEP a remete Jacky Lumarque, reprezantan pati a nan eleksyon prezidansyèl yo, sou lis kandida agreye yo.

Yon lòt kote, PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) ap deplwaye 9 mil polisye atravè tout peyi a pou asire sekirite avan e pandan dewoulman eleksyon lejsilatif ki fikse pou 9 out 2015 la. Pòtpawòl PNH la, Frantz Lerebours, ki pale sou plan sekirite eleksyon yo, mande kontribisyon pati politik yo, kandida yo ak popilasyon an pou reyisit travay responsab lòd yo ap fè nan sans sa a.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 29 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:32 0:00
Direct link

Manm Konsèy Elektoral la vizite plizyè depatman pou yo konstate evolisyon enstalasyon elektoral yo avan dewoulman eleksyon lejislatif yo. Konsènan vyolans k ap fèt kont kandida ak patizan yo, konseyè elektoral Yolette Mengual mande moun ki santi yo viktim pou yo pote plent devan lajistis.

"Public Group International", yon òganizasyon kap reyalize sondaj avan dewoulman eleksyon lejislatif yo, mande kolaborasyon popilasyon an pou ede reprezantan l yo kòlekte enfòmasyon yo.

Anfen, pou make 100èm anivèsè premyè okipasyon amerikèn nan peyi Dayiti, Premye Minis Evans Paul deplore move sitiyasyon nasyon an te viv pandan peryòd sa a. Chèf gouvènman an kwè tout ayisiyen dwe pote-kole e travay pou kreye kondisyon ki nesesè pou tout moun viv ansanm nan respè ak pwogrè; li ensiste sou enpòtans kolaborasyon sa a ak kowoperasyon sa a pou siksè eleksyon ki pral dewoule nan peyi a pi ta ane sa a.

XS
SM
MD
LG