Minis defans ameriken an, Ash Carter, fè yon vizit otorite yo pat anonse nan Irak, yon peyi kap goumen kont Gwoup Eta Islamik la avèk asistans aviyasyon militè yon kowalisyon Lèzetazini ap dirije epi antrènman lame amerikèn. Misye Carter debake byen bonè jedi 23 jiyè a nan Bagdad kote li rankontre ak otorite irakyen wo-plase yo --pami yo gen Premye Minis la, Haider al-Abadi, ak minis defans la, Khaled al-Obeidi.
Sou pwogram vizit Chèf Pentagòn nan, genyen tou yon rankont ak lidè sinnit Lèzetazini gen entansyon rekrite pou yo patisipe nan lit kont Gwoup Eta Islamik la ki okipe kèk pati nan rejyon nò ak lwès Irak. Gouvènman irakyen an genyen pou l lanse anvan lontan yon kontofansiv pou l eseye reprann vil Ramadi, nan pwovens Anbar; obsèvatè yo konsidere operasyon militè sa a kòm yon tès enpòtan pou lame Irak la.