Sekretè Deta John Kerry --ki jwe yon wòl trè-zenpòtan nan efò administrasyon Obama deplwaye pou rive jwenn yon akò entènasyonal ak Iran sou pwogram nikleyè peyi sa a-- ap travay kounye a pou l pran tèt manm Kongrè a e fè yo konprann aplikasyon antant la pral bay yon mond ki gen plis sekirite epi ouvè pòt la pou lòt opòtinite ant Lèzetazini ak Iran. Nan yon entèvyou Misye Kerry bay Sèvis Iranyen Lavwadlamerik la, li di li gen konfyans depite ak senatè ameriken yo pral fin pa konprann si yo pa apwouve akò a, sa ka debouche sou plis konfli ak plis lagè nan yon rejyon ki deja chaje ak pwoblèm, an palan de Mwayen Oryan an. Misye Kerry deklare :
<<Paske, si nou pa gen akò sa a, mwen panse Ayatola a pral di: "Poukisa pou m negosye ak mesye sa yo? Yo pa aplike sa k nan akò a. Yo pa fè sa yo te di yap fè a. Poukisa pou kòlèg nou yo nan lemond kontinye apiye sanksyon yo, lè mesye yo te pwomèt pou yo leve yo si yo jwenn yon akò? Men yo jwenn yon akò, epi kounye a, yap renka kò yo dèyè." Konsa, tout bagay tap tonbe nan dlo e se tap gwo danje pou rejyon an.>>
Sekretè Deta ameriken an defann administrasyon Obama a kont kritik ki di li te dwe ensiste pou akò a te gen yon ajanda elaji avèk, ladan n pa egzanp, dosye dwamoun Iran an epi chache jwenn liberasyon plizyè sitwayen ameriken ki nan prizon nan Iran.
"Eben, akò sa a -jan nou te di sa a deja-- si nou te chwazi yon kantite pwoblèm byen detèmine ki poze ant Iran ak kominote entènasyonal la, oubyen ant Lèzetazini ak Iran, nou tap genyen pou n negosye pandan 10 zan epi nou pa tap janm reyalize anyen. Nou pat genyen tout tan sa a devan nou, akoz kesyon nikleyè a e akoz fason negosyasyon yo tap avanse."
Chèf diplomasi amerikèn nan kontinye pou l di gen anpil bon bagay ki kapab rive nan kad relasyon Iran ak rès mond la, si pati konsène yo rive mete akò a an aplikasyon.
"Akò a gen ladan n posibilite pou moun vwayaje; men, sa k pi imedya ladan n nan, se leve kèk sanksyon spesifik sou finans, aktivite bankè, ak sikilasyon machandiz. Iran pral gen otorizasyon pou l vann pwodui alimantè, soti nan pwodui ki derive de pistach, pase nan tapi, pou rive nan lòt tip de manje, tou sa pral kapab antre sou mache entènasyonal la. Kidonk, akò a ouvè pòt la pou kèk bagay, men se poko pou tout bagay. Paske, anbago inisyal la toujou rete an plas."
Nan jounen lendi 20 jiyè 2015 la, tout manm konsèy sekirite l'ONU an, san wete youn, te vote pou apwouve akò nikleyè a. Yon jou anvan sa, dimanch 19 jiyè a, administrasyon Obama a te soumèt dokiman an devan kongrè Lèzetazini an; palmantè ameriken yo genyen yon peryòd 60 jou pou yo pase l an revi. Bò kote pa l, palman iranyen an, li menm tou, genyen pou l apwouve akò a.