Accessibility links

Breaking News

Premye Vizit yon Prezidan Ameriken nan yon Prizon Ozetazini


Prezidan Barack Obama ap gade anndan yon selil pandan direktè Biwo Prizon yo, Charles Samuels (adwat) tap gide li nan yon vizit nan Prizon Federal Koreksyonèl El Reno a, nan Eta Oklahoma.
Prezidan Barack Obama ap gade anndan yon selil pandan direktè Biwo Prizon yo, Charles Samuels (adwat) tap gide li nan yon vizit nan Prizon Federal Koreksyonèl El Reno a, nan Eta Oklahoma.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, tounen premye lidè Lèzetazini an fonksyon ki vizite yon prizon federal. Sa fè pati lit administrasyon n an ap mennen pou yon sistèm jistis ki pi jis epi pote refòm nan sistèm kaseral ameriken an.

Prezidan Obama ale, nan jounen jedi 16 jiyè 2015 la, nan prizon El Reno, nan Eta Oklahoma, kote li rankontre ak responsab lapolis ak lajistis yo, epi ak moun ki nan prizon non paske yo te komèt zak vyolan, men poutèt yo te vyole lwa sou itilizasyon dwòg ilegal. Prezidan an deklare fòk gen distenksyon ant yon moun ki danjre e ki dwe fèmen nan prizon, ak yon jenn moun ki komèt yon erè.

Mesye Obama presize se santans ki twò egzajere ki lakoz kantite moun ki nan prizon nan peyi a double nan 20 tan ki pase yo. Lèzetazini se peyi nan lemond kote ou jwenn pi gwo kantite moun ki nan prizon. Kantite prizonye Ozetazini reprezante preske 25 pousan popilasyon total prizonye ki genyen nan lemond antye, menmsi popilasyon amerikèn nan reprezante mwens ke 5 pousan popilasyon mondyal la.

XS
SM
MD
LG