Ann Ayiti, Pouvwa Egzekitif la poko debloke lajan li te pwomèt pati politik yo ak kandida k ap patisipe nan eleksyon lejislatif 9 Out 2015 la. Gouvènman an dispoze 500 milyon goud pou finanse kanpay elektoral pati ak kandida agreye yo.
Yon lòt kote, Kadinal Chibly Langlois mande jèn yo pou yo byen chwazi dirijan peyi a lè yo va ap patisipe nan pwochen eleksyon yo. Kadinal la lanse apèl sa a an prezans plizyè milye jèn katolik ki tap patisipe nan Kongrè Nasyonal Jèn yo nan vil Okay.
Anfen, PNH (Polis Nasyonal Dayiti) mete nan prizon 9 prezime bandi sou yon total 113 arestasyon otorite yo te fè pandan wikenn nan nan Lasalin ak Fòtouwon, 2 katye ki nan kapital la, Pòtoprens. PNH te mennen aktivite sa yo an kolaborasyon ak Misyon Nasyozini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH).