Accessibility links

Breaking News

Chita-Tande ant Prezidan Chilyen an ak Prezidan Chinwa a


Pandan yon chita-tande ki dewoule nan vil Peken madi 16 novanm 2010 la, prezidan chinwa a Hu Jintao ak kòlèg chilyen l Sebastian Pinera dakò pou yo ranfòse relasyon ekonomik 2 peyi yo.

Mesye Pinera te rive Peken avanyè lendi 15 novanm 2010 la pou yon visit 3 jou. Se premye vizit li nan peyi Lachinn depi li monte sou pouvwa a nan peyi Chili nan mwa mas ane sa a.

Apre seremoni byenvevi an , 2 lidè yo te siyen 3 akò souk operasyon ekonomik. Prezidan Hu te tou pwofite felisite mesye Pinera sou liberasyon 33 travayè minn yo ki te bloke anbatè nan yon minn pandan plis pase 2 mwa.

Mesye Pinera gen pou l rankontre tou premye minis chinwa a Wen Jiabao. Vizit Prezidan chillyen an ap make 40e anivèsè relasyon diplomatic ant Lachinn ak Chili.

XS
SM
MD
LG