Accessibility links

Breaking News

Posib Espyonaj Washington sou Lidè Fransè yo -- Reyaksyon Prezidan Hollande.


De goch a dwat: Foto 2 ansyen prezidan fransè, Jacques Chirac ak Nicolas Sarkozy, plis prezidan aktyèl la, François Hollande, pandan yo tap fè kèk apèl telefonik. Lafrans di li twouve innaksektab nouvèl ki di Lèzetazini fè espyonaj sou otorite fransè wo-plase.
De goch a dwat: Foto 2 ansyen prezidan fransè, Jacques Chirac ak Nicolas Sarkozy, plis prezidan aktyèl la, François Hollande, pandan yo tap fè kèk apèl telefonik. Lafrans di li twouve innaksektab nouvèl ki di Lèzetazini fè espyonaj sou otorite fransè wo-plase.

An Frans, biwo Prezidan François Hollande nan fè konnen pawòl kap di kòmkwa Lèzetazini te mete sou tab-dekout telefon 2 prezidan ki te vini anvan li yo, “se yon bagay innakseptab.” Misye Hollande ajoute Lafrans pap tolere anyen ki menase sekirite li.

Lidè fransè a fè parèt yon deklarasyon sou dosye a aprè li te fè yon rankont ak konsèy defans nasyonal li a pou yo te abòde dokiman magazin an-liyn Wikileaks pibliye e ki di Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini an (NSA) te fè espyonaj sou 3 dènye prezidan fransè yo. Se konsa, gouvènman an nan Pari fè konnen minis afè etranjè-a, Laurent Fabius, konvoke nan biwo li anbasadris amerikèn nan, Jane Hartley, pou yo diskite sou kesyon an.

Nan Washington, pòtpawòl Ajans Sekirite Nasyonal la, Ned Price, deklare administrasyon Obama a pa mennen okenn aktivite espyonaj a letranje, amwens ke genyen yon rezon sekirite nasyonal presi e valab pou sa. Misye Price di : "Nap travay sere-sere ak Lafrans sou tout kesyon entènasyonal ki merite atansyon nou, e Fransè yo se patnè endispansab pou ede nou fè sa. "

Nan jounen madi 23 jen 2015 la, Wikileaks pibliye dokiman ki di Lèzetazini fè espyonaj sou 3 dènye prezidan fransè yo, kèk semèn sèlman aprè Prezidan Barack Obama te siyen yon lwa ki mete fen nan pouvwa gouvènman an te genyen pou l swiv konvèsasyon sitwayen ameriken yo sou telefòn ak sou entènèt la.

XS
SM
MD
LG