Nan Kawolin di Sid ak lòt kote Ozetazini, lidè relijye ak politik lanse apèl pou yo mande wete drapo segregasyon an, ki te sèvi lame sidis la pandan lagè sivil la, sou tèt palman an nan kapital Eta a, vil Columbia, pou onore 9 sitwayen nwa ki te mouri nan yon fiziyad semèn pase a. Pou anpil moun, drapo sa a se yon senbòl lahèn ak divizyon nan mitan segman sosyal yo. Lendi 22 jen 2015 la, pandan gouvènè Eta a, Madam Nikki Haley, te genyen divès lidè politik ak relijye bò kote l, li apiye apèl ki mande wete drapo a sou tèt edifis piblik la. Gouvènè Haley di :
"Jodi a, se yon moman inite ki mennen nou la a, san santiman mechan, pou n di: li lè, li tan pou n wete drapo sa a nan lokal palman Eta nou an."
Prezidan Barack Obama, li menm tou, pale plizyè fwa pou l di, daprè li, drapo lame sidis la ta dwe al remize nan yon mize; men li toujou ensiste sou le fèt ke se Eta Kawolin di Sid ki pou pran desizyon final la. Prezidan ameriken an ap prezan, vandredi 26 jen 2015 la, nan seremoni antèman pastè Clementa Pinkley, youn nan 9 moun ki te pèdi lavi yo nan asasina pa bann e pa pakèt ki te fèt mèkredi pase a nan vil Charleston. Sispèk la sanble ta jwenn enspirasyon nan santiman rayisab moun makònen ak drapo sidis la.