Òganizasyon Nasyon Zini mande Repiblik Dominikèn respekte dwa entènasyonal ak prensip imanitè yo nan kad yon evantyèl e posib depòtasyon imigran Ayisyen ak lòt etranje kap viv ilegalman sou teritwa panyòl la. Pòtpawòl Nazyon Zini an, Farhan Haq, fè yon deklarasyon nan sans sa a jedi 18 jen 2015 la, yon jou apre ekspirasyon dat otorite dominiken yo te fikse pou yo mete fen nan pwogram PNRE (Pwogram Nasyonal Regilarizasyon Etranje yo). Daprè Misye Haq, gouvènman dominiken an bay garanti li pral aplike pwosedi regilyè yo nan kad depòtasyon sa a. Se konsa tou li pwomèt pap gen depotasyon ilegal. L'ONU, bò kote pa l, mande pou depòtasyon Ayisyen yo fèt nan transparans, nan kolaborasyon ant 2 gouvènman yo e sou sipèvizyon entènasyonal.
Sou menm dosye a, yon rankont dewoule ann Ayiti ant Premye Minis Evans Paul ak reprezantan diferan aktè nan sosyete a sou kesyon rapatriman an. Kowòdonatè GARR la, Saint Pierre Beaubrun, kritike otorite dominiken yo ki, daprè li, pa respekte yon antant yo te siyen ak gouvènman ayisyen an sou kesyon an.
Ayiti-Eleksyon
Kandida a la prezidans Konsèy Elektoral Pwovizwa a ekate yo manifeste devan lokal konsèy la nan Petyonvil pou yo mande demisyon kèk manm KEP a epi egzije responsab yo retounen yo nan kous la.
Ayiti-MINUSTHA
Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH) òganize you forum nan vil Jakmèl, nan jounen mèkredi 17 jen 2015 la, pou sansibilize aktè konsène yo sou reyisit pwochen eleksyon yo. Forum sa a dewoule nan moman reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini ann Ayiti, Sandra Honoré, patisipe nan yon seremoni ki make fen misyon solda òganizasyon an nan Plato Santral la jedi 18 jen an. Sa pa gen lontan, Madam Honoré te twouve l nan Depatman Grand-Ans la kote li te asiste yon lòt seremoni ki te gen menm objektif la.