Accessibility links

Breaking News

Etazini-Vyolans: Asasina 9 Moun nan yon Legliz / Arestasyon Sispèk la

Lapolis arete Dylann Roof ki gen 21 an. Foto sa a montre li pandan yon polisye tap antre avèk li nan yon tribinal nan vil Shelby, Eta Kawolin di Nò, kote li te kouri ale apre masak la. (Foto: 18 jen 2015).
Lapolis arete Dylann Roof ki gen 21 an. Foto sa a montre li pandan yon polisye tap antre avèk li nan yon tribinal nan vil Shelby, Eta Kawolin di Nò, kote li te kouri ale apre masak la. (Foto: 18 jen 2015).

Ozetazini, yon sitwayen blan otorite yo sispèk ki ta komèt yon masak nan yon legliz nwa nan vil Charleston, Eta Kawolin di Sid, nan sware mèkredi 17 jen 2015 la, te kouri kite eta a aprè li te fin komèt zak la. Lapolis retounen avèk li jedi nan Kawolin di Sid kote li pral konparèt devan lajistis pou asasina.

Non sispèk la se Dylann Roof; li genyen 21 nan. Misye te ouvè kout-zam sou yon gwoup fidèl pandan yo tap patisipe nan yon lapriyè nan Legliz Metodis Episkopal Emanuel, youn nan legliz nwa-ameriken ki pi ansyen nan peyi a. Depi ensidan an rive a, se san rete moun prale nan legliz la kote sèvis memoryal ap dewoule nan lonè viktim yo, 6 fanm ak 3 gason -pami yo genyen pastè legliz la. Yon rezidan vil Charleston, Lawanda Grey, se youn nan moun ki asiste sèvis sa yo. Madam Grey di :

"Kè m kase pou fanmi viktim yo. Mwen leve yo devan Bondye nan tout priyè mwen. Nan priyè mwen, mwen mande pou nou tout mete tèt nou ansanm pou n ka vin pi fò, e pou nou youn renmen lòt san diskriminasyon."

Otorite federal yo ap mennen ankèt sou masak la kòm yon zak lahèn enspire. Lapolis fè konnen Dylann Roof te antre nan legliz la epi li te chita tou dousman pandan inèdtan, nan moman yon etid biblik tap dewoule; toudenkou misye te leve kanpe epi li deklare li dispoze toujou moun nwa. Sepandan, jiskaprezan lapolis poko di si atakan an bay yon rezon kèlkonk ki ta eksplike poukisa li komèt asasina pa bann e pa pakèt sa a.

XS
SM
MD
LG