Accessibility links

Breaking News

Pasaj Tanpèt Twopikal Bill nan Tegzas ak Oklawoma.


Astwonòt La NAZA Scott Kelly, kap ranpli yon misyon yon lane nan Estasyon Espasyal Entènasyonal la, te pran foto Bill pandan tanpèt la tap pwoche sou Gòlf Meksik la.
Astwonòt La NAZA Scott Kelly, kap ranpli yon misyon yon lane nan Estasyon Espasyal Entènasyonal la, te pran foto Bill pandan tanpèt la tap pwoche sou Gòlf Meksik la.

Tanpèt twopikal Bill frape Eta Tegzas avèk gwo lapli ak van pandan jounen madi 17 jen 2015 la, menm si laprès pa rapòte blese grav ni gwo dega. Pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, fè konnen Administrasyon Federal Jesyon Ka Dijans la (FEMA) --atravè biwo li genyen nan vil Denton, o Tegzas-- te deja mobilize pèsonèl li pou tout aksyon ki nesesè nan Tegzas ak Oklawoma depi aprè inondasyon ki te afekte 2 eta sa yo nan mwa Me a. Misye Earnest di :

"Manm pèsonèl sa yo twouve yo sou plas tou pou yo reyaji sou sa tanpèt twopikal Bill ka fè. Nou konnen li deja pote gwo lapli ak gwo van, e li posib pou l pwovoke tou tònad nan kèk zòn nan Tegzas ak Oklawoma."

Misye Earnest kontinye pou l di FEMA rete an kontak sere-sere avèk otorite kap jere ka dijans yo nan Tegzas ak Oklawoma, menm jan li genyen bon jan kontak ak sèvis nasyonal metewoloji Lèzetazini an.

XS
SM
MD
LG