Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: BCEN Rejte Kandidati Premyè Dam nan, Sophia Martelly


Premyè Dam Ayiti an, Sophia Saint-Rémy Martelly
Premyè Dam Ayiti an, Sophia Saint-Rémy Martelly

Ann Ayiti, Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) pibliye rezilta pasyèl revizyon li tap fè sou 17 ka kontestasyon ki te devan li --pami yo gen dosye Premye Dam nan, Sophia Saint Remy Martelly, ki te poze kandidati li pou pòs senatè Depatman Lwès. Dapre vis Prezidan KEP a, Pierre Manigat Junior, BCEN pran desizyon pou l rejte kandidati Madam Martelly a, malgre Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal (BCED) te apwouve kandidati Premyè Dam nan. KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), bò kote pa l, gen pou l pase tout dosye yo an revi anvan li pibliye lis definitif kandida kap gen otorizasyon pou yo patisipe nan eleksyon lejislatif out 2015 yo.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 13 Me 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:28 0:00
Direct link

AYITI-FRANS : MARTELLY AK HOLLANDE SIYEN 4 AKÒ KOWOPERASYON

Nan jounen madi 12 me 2015 la, Prezidan Michel Martelly resevwa kòlèg fransè li a, Francois Hollande, ki te nan tèt yon gwo delegasyon . Ayiti se te dènye etap yon virewon manch long Misye Hollande fè nan Karayib la kote li te deja vizite teritwa franse outre-mèr ki nan Basen Karayib la (Matinik, Gwadloup, Giyàn Fransèz) avèk Kiba. Pandan sejou li nan Pòtoprens, lidè fransè a siyen 4 akò kowoperasyon ak gouvènman ayisyen an nan domèn edikasyon, enèji, fòmasyon pwofesyonèl ak agrikilti. Anfen fen vizit la, Prezidan Martelly ak Prezidan Hollande fè yon rankont ak laprès kote yo eksplike fason 2 peyi yo kapab ranfòse relasyon yo.

PWOTESTASYON PANDAN VIZIT FRANCOIS HOLLANDE LA

Anfen, Lapolis gaye ak gaz lakrimojèn yon manifestasyon opozisyon an te òganize sou channmas la apre yon lidè opozisyon an te depoze nan pye Jan-Jak Desalin, youn nan fondatè nasyon an. Pandan manifestasyon an, òganizatè yo pat sispann reklame reparasyon ak enterè sou lajan Ayiti te peye Lafrans pou l rekonèt endepandans li epi endemnizasyon pou lesklavaj.

XS
SM
MD
LG