Accessibility links

Breaking News

Prezidan Fransè a, François Hollande, ap Vizite Ayiti Madi 12 Me 2015 la.


Prezidan fransè a, François Hollande
Prezidan fransè a, François Hollande

Prezidan Fransè a, François Hollande, pral vizite Ayiti madi 12 me 2015 la. Lap tounen 2èm prezidan fransè ki vizite Ayiti aprè Nicholas Sarkozy te ale Pòtoprens kèk semèn aprè tranblemanntè janvye 2010 la.

Misye Hollande --kap fè yon toune nan rejyon Karayib la-- fè yon deklarasyon ki pwovoke anpil kesyon pandan li te nan Antiy Fransèz yo, pi presizeman nan Pointe-à-Pitre, Gwadloup, kote li fè konnen :

« Quand je viendrai en Haiti, j’acquitterai à mon tour la dette que nous avons », « Lè m va rive ann Ayiti, bò kote pa m, mwen va akite dèt nou genyen an »

Youn nan kesyon yon deklarasyon konsa soulve, se mande moun ap mande eske Pari gen entansyon remèt Ayiti yon afè de 150 milyon ansyen fran dò (swa 17 milya euro) ansyèn koloni an te peye, nan 19èm syèk la, kòm sa yo rele « dèt endepandans la. » Depi kèk dizèn dane deja, divès ansyen koloni ki te gen peyi ewopeyen kòm metwopòl yo (sitou nan Amerik Latin nan) pa sispann leve lavwa pou yo mande puisans oksidantal sa yo peye yo plizyè milya dola kòm endemnizasyon ou reparasyon pou lesklavaj.

Pou sa k konsène vizit Misye Hollande la nan Pòtoprens, Minis Kominikasyon ayisyen an, Rotchild François Jr. di otorite yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou sejou lidè fransè a ann Ayiti byen dewoule. Nan yon entèvyou Misye François bay Lavwadlamerik, nou mande li opinyon otorite ayisyen yo sou deklarasyon prezidan fransè a. Li reponn pou l di : « Gouvènman ayisyen an pran ak de deklarasyon Prezidan Hollande la. »

XS
SM
MD
LG