Accessibility links

Breaking News

Opinyon Minis defans Lèzetazini an, Ashton Carter, sou Sitiyasyon an nan Yemèn


Minis Defans Ashton Carter ap bay lanmen avèk Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, nan kòmansman rankont yo nan rezidans ofisyèl chèf gouvènman an nan Tokyo.(Foto: AP/Franck Robichon, Pool, Mèkredi 8 avril 2015).
Minis Defans Ashton Carter ap bay lanmen avèk Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, nan kòmansman rankont yo nan rezidans ofisyèl chèf gouvènman an nan Tokyo.(Foto: AP/Franck Robichon, Pool, Mèkredi 8 avril 2015).

Minis defans Lèzetazini an, Ashton Carter --kap vizite peyi Japon-- pale nan kòmansman jounen mèkredi 8 avril 2014 la pou l di branch rezo teworis al-Kayda a nan Yemèn ap pwofite de goumen kap dewoule ant rebèl Houti-yo ak fòs gouvènmantal yo pou l sezi kèk gwo pòsyon nan teritwa peyi a, yon peyi kap goumen pou stabilite depi ansyen lidè li a te oblije kite pouvwa a an 2012.

Pandan Misye Carter tap pale ak laprès nan Tokyo, li fè konnen kriz kap devlope nan Yemèn nan fè efò Lèzetazini ap fè pou l konbat aktivite al-Kayda sou Preskil Arabik la, vin pi difisil; paske, daprè li, operasyon konsa fèt pi fasilman nan yon rejyon kote gouvènman yo genyen stabilite. Minis defans ameriken an di:

« Menas teworis branch al-Kayda sou Preskil Arabik la poze pou peyi oksidantal yo (san bliye Lèzetazini), se yon menas ki la lontan e ki trè serye. Nou pral kontinye konbat menas sa a. Natirèlman, nou pral chanje taktik nou itilize pou sa, paske nap adapte l ak sikonstans yo. Nou espere lòd ak stabilite va retounen nan Yemèn, non sèlman pou rezon nou sòt di la a, men paske gen anpil moun kap soufri nan peyi sa a nan moman batay yo ak kontinye ak diferan group belijeran kap monte-desann nan Yemèn. »

Misye Ashton Carter kontinye pou l di Lèzetazini ap mete ala dispozisyon Arabi Sawoudit enfòmasyon sekrè ak rapò enfòmatik li gen sou sa kap pase sou teren an nan Yemèn, yon fason pou l ede kowalisyon Sawoudyen yo ap dirije nan lit kont rebèl Houti yo. Nan jounen madi 7 avril la, Asistan Sekretè defans ameriken an, Antony Blinken, te fè konnen Lèzetazini ap akselere tou livrezon zam lap bay kowalisyon an.

XS
SM
MD
LG