Yon delegasyon Lèzetazini te fè yon vizit nan Kiba semèn sa a nan momen 2 peyi yo kontinye fè efò pou yo retabli relasyon diplomatik antre yo -relasyon ki te sispann pandan plis pase 50 tan.
Nan tèt delegasyon an te genyen Daniel Sepùlveda, kowòdonatè Depatman Deta ameriken an pou kominikasyon entènasyonal. Manm yo te fè chita-tande nan La Avàn ak yon gwoup ofisyèl ki te gen nan tèt yo José Luis Perdono, vis-prezidan komisyon kiben ki responsab afè kominikasyon.
Gouvènman Prezidan Raul Castro a fè parèt yon deklarasyon kote li fè konnen otorite yo nan Kiba fè delegasyon an jwenn enfòmasyon sou sistèm òdinatè kiben an ak politik Kiba nan domèn enfòmatik ak entènèt. Anvan sa, toujou nan mwa mas la, konpayi telefòn Leta Kiben an, ETECSA, te anonse li siyen yon kontra ak konpayi IDT ki baze nan Eta New Jersey, Ozetazini, pou li retabli kominikasyon telefonik dirèk ant Kiba ak Lèzetazini.