Accessibility links

Breaking News

Sekirite Ranfòse nan Sant Dacha yo Ozetazini e nan Kanada Akoz Menas Teworis


Jen Psaki, pòtpawòl Depatman Deta a, deklare:
"...Tout sa se pwopagann. Natirèlman nou fèt pou n rete vijilan. Men objektif yo se simaye lapèrèz..."
Jen Psaki, pòtpawòl Depatman Deta a, deklare: "...Tout sa se pwopagann. Natirèlman nou fèt pou n rete vijilan. Men objektif yo se simaye lapèrèz..."

Ozetazini ak Okanada, gen 2 gwo sant dacha kap opere anba gwo mezi sekirite, aprè yo te resevwa menas teworis nan men yon gwoup ki anba direksyon militan islamik ki baze nan peyi Somali.

Otorite kap opere sant dacha ki rele The Mall of America (ki baze nan Eta Minnesota, nan pati nò Lèzetazini) avèk sant dacha Edmonton nan, (nan pwovens Edmonton, Okanada) fè parèt 2 deklarasyon kote yo fè konnen yap ogmante sekirite a aprè gwoup Al Shaba (ki genyen bon jan lyezon ak rezo Al Kayda-a) te pibliye yon video samdi pou l mande Mizilman yo lanse atak sou sant dacha nan peyi oksidantal yo. Pòtpawòl Depatman Deta ameriken an, Jen Psaki, ki tap reyaji sou dosye a, fè deklarasyon sa a:

"Daprè nou menm, tout sa se pwopagann. Natirèlman nou fèt pou n rete vijilan kòm toujou nan ka konsa. Men objektif video sa a se simaye lapèrèz."

Pòtpawòl Depatman Deta a ajoute FIB ak Depatman Sekirite Teritoryal la gen kèk mwa deja depi yo ranfòse kolaborasyon yo ak pwopriyetè sant dacha yo pou yo evite tout atak teworis nan sant sa yo ki toujou chaje ak moun.

XS
SM
MD
LG