Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak La Grann Bretay Fèmen Ambasad yo nan Yemèn


Anbasad Lèzetazini nan Yemèn
Anbasad Lèzetazini nan Yemèn

Lèzetazini ak Lagrann Bretay pran desizyon pou yo sispann tout travay nan anbasad yo nan Yemèn akoz deteryorasyon kondisyon sekirite a nan peyi sa a. Byen ta madi 10 fevriye 2015 la, Depatman Deta anonse li fè tout manm pèsonèl anbasad amerikèn nan nan Yemèn kite kapital la, Sanna, e La Grann Bretay fè menm anons la byen bonè mèkredi

Washington ak Lond mete sitwayen yo an gad kont tout vwayaj nan Yemèn e yo mande sila yo ki deja nan peyi a pou yo pati kite l. Sa gen plizyè mwa deja depi toumant politik ap sakaje Yemèn. Mwa pase a, rebèl Outou Shiyit te pran daso rezidans prezidan Abda Rabou Mansour Hadi, e yo te fòse li menm ak tout manm kabinè ministeryèl la bay demisyon yo.

XS
SM
MD
LG