Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Fen Grèv 2 Jou Sendika ak Opozisyon an te Lanse pou Mande Bese Pri Gaz la


Yon Gwoup moun kap Manifeste nan peyi d Ayiti
Yon Gwoup moun kap Manifeste nan peyi d Ayiti

Ann Ayiti, Tab Konsètasyon Opozisyon an ak yon branch nan sektè sendikal la leve grèv 2 jou yo te lanse lendi 9 ak madi 10 fevriye 2015 la pou mande gouvènman an bese pri gazolin nan sou mache nasyonal la. Responsab yo lanse avètisman bay otorite yo pou di y ap pran lòt dispozisyon si gouvènman an pa bese pri gaz la nan jou k ap vini la yo. Lekòl, komès ak lòt aktivite te paralize pandan 2 jou nou site yo. Òganizatè yo kritike gouvènman an poutèt li mete transpò gratis a la dispozisyon popilasyon an pou febli mouvman grèv la.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 11 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:12 0:00
Direct link

Bò kote pa l, chèf gouvènman an, Evans Paul, fè konnen Leta pa kapab bese pri galon gazolin nan yon 3èm fwa, jan opozisyon an ak sendika yo ap mande l la. Yon lòt kote, pati politik ki gen reprezantan yo nan gouvènman konsansus la mande otorite yo elimine depans initil yo pou yo kapab bese pri gaz la pou soulaje mizè popilasyon an. La polis te arete 20 moun pou pipiti nan Pòtoprens ak lòt vil peyi a pandan 2 jou grèv yo.

Tab Konsètasyon an, ki konsidere 2 jounen grèv yo kòm yon siksè, leve mo dòd la kèk jou dewoulman kanaval 2015 la k ap kòmanse dimanch 15 pou l fini madi 17 fevriye kap vini la a.

Anfen, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pwopoze pati politik yo ak sosyete sivil la yon kalandriye elektoral avèk 2 eleksyon pou ane 2015 la. Selon Prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, eleksyon lejislatif yo fikse pou jiyè epi prezidansyèl yo pral dewoule dènye dimanch mwa Oktòb 2015 la ak posibilite pou yon nouvo prezidan prete sèman nan dat 7 fevriye 2016. Dapre kalandriye a, 2èm tou prezidansyèl la ta dewoule an menm tan ak eleksyon minisipal e lokal yo an janvye 2016. Pwosesis elektoral la ap demare nan mwa mas 2015 la.

XS
SM
MD
LG