Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Lansman 3 Jou Manifestasyon Kont Prezidan Michel Martelly


Pyeton ap Sikile Tou pre yon barikad k ap boule pandan yon manifestasyon. (Foto Achiv)
Pyeton ap Sikile Tou pre yon barikad k ap boule pandan yon manifestasyon. (Foto Achiv)

Ann Ayiti, Tab Konsètasyon Opozisyon an (TKO) lanse 3 jou manifestasyon kap kòmanse mèkredi 4 nan kad efò lidè gwoup politik sa a ap fè pou yo fòse Prezidan Michel Martelly bay demisyon n. Mouvman pwotestasyon an pral kontinye jedi 5 fevriye a e lap pran fen nan jounen samdi 7 fevriye a.

Opozisyon an repwoche Prezidan Martelly le fèt ke li pa òganize eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la depi 2011, swa ane li te monte sou pouvwa a. Kòm konsekans, sena a ap fonksyone ak 10 manm sou yon total 30 palmantè epi manda tout depite pran fen depi 12 janvye 2015 san eleksyon pat fèt pou pèmèt Chanm Bas la kontinye fonksyone. Anfen, pat gen eleksyon non plis pou pèp la chwazi reprezantan li nan kolektivite teritoryal yo.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 4 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:06 0:00
Direct link

TKO lanse mouvman manifestasyon sa a apre yon grèv 2 jou sendika chofè transpò piblik yo te lanse e ki te fin pa fòse gouvènman an bese pri pwodui petwolye yo 2 fwa nan yon espas de 48 tè. Premye jounen grèv la (lendi 2 fevriye 2015 la) te paralize tout aktivite nan kapital la, Pòtprens; sepandan lidè sendikalis yo te anile 2èm jounen grèv la aprè antant yo te jwenn ak gouvènman an.

-------------------------------------------------------

Klas politik la mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou l revize chwa manm biwo elektoral depatmantal ak kominal yo ki tonbe anba akizasyon kèk sektè ki di kòmkwa yo ta twò pwòch pouvwa a. Klas politik la fè demand sa a nan moman administrasyon Martelly-Paul la pwomèt pou li akonpaye KEP a nan egzekisyon misyon li genyen pou l òganize pwochen eleksyon yo. Madi 3 fevriye a, Prezidan Michel Martelly te rankontre 9 manm enstitisyon an. Yon lòt kote, nouvèl yo fè konnen klas politik la poko antann li sou kesyon pou konnen si dwe gen yon sèl oubyen 2 eleksyon pandan ane a.

Yon lòt kote, senatè Plato Santral la, Francisco De La Cruz, kritike gouvènman an poutèt li wete 20 goud sèlman sou pri galon gazolin nan alòske pri barik petwòl la kontinye bese sou mache entènasyonal la. Sou pwen sa a, kèk ekonomis bay gouvènman an konsèy pou l koupe nan depans Leta yo pou l ka ranplase lajan lap pèdi akoz rediksyon pri gaz laK.

XS
SM
MD
LG