Accessibility links

Breaking News

Yon Pwojè-Bidjè 4 Trilyon Dola devan Kongrè Lèzetazini an


Prezidan Barack Obama pandan li tap bay detay sou pwojè-bidjè pou depans nasyonal pou ane fiskal 2015-2016 la, nan katye jeneral Depatman Sekirite Teritoryal la (Homeland Security Department) nan Washington. (Foto : AP/Evan Vucci, 2 fevriye 2015).
Prezidan Barack Obama pandan li tap bay detay sou pwojè-bidjè pou depans nasyonal pou ane fiskal 2015-2016 la, nan katye jeneral Depatman Sekirite Teritoryal la (Homeland Security Department) nan Washington. (Foto : AP/Evan Vucci, 2 fevriye 2015).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, bay detay, nan jounen lendi 2 fevriye 2015 la, sou yon pwojè-bidjè depans administrasyon n nan mete devan Kongrè a pou ane fiskal 2015-2016 la --yon bidjè ki monte rive 4 TRILYON dola. Pami bòn nouvèl ki mache ak nouvo bidjè sa a, sè ke defisi nasyonal la anrejistre yon bès plis pase 50 pou san nan 2 zou 3 ane ki pase yo. Menmsi lidè pati opozisyon an (Repibliken yo) pa wè bagay yo menmn jan ak prezidan an, Misye Obama panse amelyorasyon sitiyasyon finans peyi a pèmèt administrasyon an fikse atansyon n plis sou lòt pwoblèm ki poze nan nivo nasyonal la. Prezidan ameriken an di :

"Dabò, ekonomi ki baze sou klas mwayèn mwen apiye a, vle di: Ede fanmi kap travay yo santi yo plis an sekirite nan yon mond ki pa sispann chanje. Sa vle di: Ede moun yo gen kapasite pou yo peye pou swen sante yo, ale nan Inivèsite, achte yon kay, pran retrèt yo; bidjè m nan pral abòde tout pwoblèm sa yo. Li pral bese taks manm klas travayè a ap peye e lap mete plizyè milye dola nan pòch yo chak ane.”

Sepandan, sitiyasyon fikal la pa totalman pozitif ; e lidè repibliken yo anonse yo pral apiye sou pwen negatif yo pou yo pa apwouve anpil nan eleman ki nan pwojè-bidjè a. An tou ka se pozisyon Senatè John Cornyn ki deklare:

"Sa k ban mwen kè-sote, se posiblite pou nouvo bidjè a vini ak plis taks, plis depans ak plis dèt. Paske sa, se pa yon wout kote nou ta dwe angaje peyi nou an ditou. Jiskaprezan, nap depanse lajan nou pa genyen."

Senatè John Cornyn se youn nan lidè repibliken ki pale pou di, kèlkeswa pousantaj ki monte sou defisi nasyonal la (ki deja rive 18 trilyon dola), se yon ogmantasyon yo pa kapab tolere. Yo pa mete dlo nan bouch yo pou yo di pwojè-bidjè Prezidan Obama a se -nap site: "Yon bebe ki fèt tou mouri…" sa vle di majorite repibliken yo genyen nan tou lè 2 chanm Kongrè a pral vote pou elimine li. Sepandan, pòt la toujou rete ouvè pou dyalòg ak negosyasyon.

XS
SM
MD
LG