Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Efò Kontinye ap Fèt pou Fòme yon Gouvènman Konsansis


Prezidan Michel J. Martelly (foto achiv)
Prezidan Michel J. Martelly (foto achiv)

Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis nome a, Evans Paul, ap travay pou yo mete yon gouvènman konsansis sou pye. Pandansean, Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pase yon Rezolisyon, sou demand KARIKOM, pou apiye pwosesis elektoral la ann Ayiti. Anbasadè eta manm òganizasyon rejyonal la di yo rekonèt efò Prezidan Martelly te deplwaye pou l te evite yon vid enstitisyonèl apre 12 janvye 2015 la. Konsèy la mande lidè ayisyen an kontinye travay ak aktè politik yo sou fòmasyon yon gouvènman konsansis, fòmasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou òganize eleksyon onèt, demokratik ak patisipasyon tout sektè.

Nouvèl Ayiti - jedi 15 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:33 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Mouvman Patriyotik Opozisyon Demikratik la (MOPOD) ak alye l yo di y ap kontinye pran beton an jiskaske yo fòse Prezidan Michel Martelly bay demisyon n.

Anfen, plizyè dizèn etidyan Lekòl Nòmal Siperyè patisipe nan yon sit-in devan Ministè Edikasyon Nasyonal la pou yo egzije nominasyon etidyan finisan yo kòm anseyan nan sistèm edikatif la.

XS
SM
MD
LG