Accessibility links

Breaking News

Dispozisyon Ranfòse Peyi Oksidantal yo kont Teworism Entènasyonal la


Prezidan fransè a, François Hollande, pandan li tap fè yon diskou nan Institi Arab Mondyal la, nan vil Pari. (Foto: AP Photo/Ian Langsdon, Pool, Jedi 15 janvye 2015).
Prezidan fransè a, François Hollande, pandan li tap fè yon diskou nan Institi Arab Mondyal la, nan vil Pari. (Foto: AP Photo/Ian Langsdon, Pool, Jedi 15 janvye 2015).

Prezidan fransè a, François Hollande, di se fidèl mizilman veritab yo ki plis viktim zak teworis tankou sa k te fèt sou jounal fransè Charlie Hebdo mèkredi 7 janvye 2015 la. Misye Hollande di mizilman yo viktim aksyon moun ki montre yon zèl egzajere pou relijyon Islam nan e ki entoleran kont moun kap pratike lòt relijyon.

Lidè fransè a ensiste pou l di mond sivilize a dwe leve kanpe pou l konbat tout atak, tout menas kont libète ak tolerans. Misye Hollande pale konsa nan Institi Arab Mondyal la nan Pari, yon enstitisyon kap chache tabli rapò ki pi sere ant kilti fransèz la ak kilti arab la.

Pandanstan, sou dosye teworism entènasyonal la, prezidan ameriken an, Barack Obama, ak Premye Minis britanik la, David Cameroun, deklare yo pap kite teworis mete baboukèt nan bouch moun kap egzèse libète lapawòl yo.

XS
SM
MD
LG