Accessibility links

Breaking News

Move Sityasyon Ekonomik o Venezuela - Maduro Akize Advèsè l yo


Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan palè nasyonal peyi a (El Palacio Miraflores) nan Caracas. (Foto: 30 desanm 2014).
Prezidan Venezuela a, Nicolas Maduro, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès nan palè nasyonal peyi a (El Palacio Miraflores) nan Caracas. (Foto: 30 desanm 2014).

Venezyela konfime, nan jounen madi 30 desanm 2014 la, li anrejistre yon resesyon pandan lap konfwonte enflasyon ki pi wo sou tout kontinan ameriken an. Gouvènman sosyalis prezidan Nicolas Maduro a lage responsabilite move palmarès sa a sou do advèsè politik li yo. Daprè bank santral Venezuela a, PIB (Pwodui Enteryè Bri) peyi a pou 3 premye trimès ane 2014 la, se respektivman 4,8 pousan, 4, 9 pousan ak 2, 3 pousan. Yon enflasyon ki la depi 12 mwa te rive nan 63, 6 pousan nan mwa novanm nan.

Ekonomis yo, bank yo ak òganism rejyonal yo te prevwa Venezuela –ki se yon manm OPEP (Oganizasyon Peyi Ekspòtatè Petwòl yo) tap tounen ekonomi ki bay mwens randman nan rejyon latino-ameriken an pandan ane 2014 la. Nan yon anons bank santral la te pibliye, li te konfime prediksyon sa yo yon ti tan anvan Prezidan Maduro te bay yon konferans pou laprès kote li anonse gouvènman n nan pral fè kèk gwo chanjman ekonomik.

Misye Maduro, ki gen 52 zan, te ranpòte eleksyon prezidansyèl ane pase a pou l ranplase mentò li Hugo Chavez ki te mouri ak maladi kansè anviwan 3 mwa anvan sa. Lidè venezuelyen an lage chay la sou do advèsè politik li yo ki te lanse yon mouvman pwotestasyon popilè ki te dire 4 mwa pandan premye pati ane sa a --- yon mouvman ki deranje ekonomi venezyelyèn nan ki depann anpil de petwòl peyi a. Pwotestasyon yo te debouche sou zak vyolans ki te koze lanmò 43 moun --pami viktim sa yo te gen manifestan, ajan polis ak patizan prezidan an. Move nouvèl sa yo pa bon ditou pou peyi kap benefisye de pwogram Petro Karibe a ; pami yo nou jwenn Ayiti.

XS
SM
MD
LG