Accessibility links

Breaking News

Rechèch ap Kontinye Pou Jwenn Kadav VIktim Aksidan Avyon Air-Azi, Vòl 8501 an


Sitwayen endonezyen ki reyini pou yon veye-o-chandèl nan memwa viktim aksidan avyon AirAzi, Vòl 8501 an. (Foto: Vil Surabaya, 31 desanm 2014).
Sitwayen endonezyen ki reyini pou yon veye-o-chandèl nan memwa viktim aksidan avyon AirAzi, Vòl 8501 an. (Foto: Vil Surabaya, 31 desanm 2014).

Nan Endonezi, otorite yo di yo lokalize finalman prensipal pati yon avyon komèsyal ki te disparèt e ki te tonbe nan lanmè ant Zile Java ak Borneo. Menm sous la ajoute move tan nui seryezman efò kap fèt pou jwenn plis kadav viktim yo.

Byen bonè nan maten jounen mèkredi 31 desanm, chèchè yo rive wete nan dlo lanmè a, ki woule e ki sal anpil), kadav yon jenn moun ki potko gason 20 tan ak kadav yon dam ; sa ki fè kantite total kò yo wete nan dlo a jiskisi monte rive 7. Kèk nan kadav sa yo genyen rad sou yo, trandiske gen lòt ki toutouni nèt. Chèf polis rejyon Java a, Bambang Hermanu, bay yon konferans pou laprès kote misye fè konnen responsab yo pral transpòte kadav sa yo nan vil Sourabaya kote avyon an te sòti a. Kolonèl Hermanu di:

« Mwen ta vle di nou gen 2 kadav ki rive nan rejyon Pengkalan Bun. Premye a se yon fanm ki gen yon sèten laj; wotè li se 1 mèt 60, li genyen sou li yon blue jeans ak yon ti-shirt. 2èm kadav la se yon jenn gason; wotè li se 1 mèt 40 ; li genyen sou li yon ti-shirt ble ak yon pantalon mawon. »

Okenn nan manm ekipaj la ak pasaje yo jwenn deja yo pa sòti vivan. Pami pasaje yo te genyen 149 endonezyen, 3 sid-koreyen ak yon sitwayen chak nan peyi sa yo : La Grann Bretay, Malezi ak Sengapou.

-----------------------------------------------------

Pwofil Avyon Air-Azi, Vòl 8501 an

Kanpayi Air-Azi a gen lontan depi lap konstwi tip aparèy sa yo sou kontinan azyatik la ak nan peyi Ostrali. Lap opere ak yon bidjè trè redui e okenn avyon konpayi sa a pat janm fè yon aksidan avan trajedi weekenn pase a.

Avèk yon flòt 160 aparèy, Air-Azi transpòte plis pase 40 milyon pasaje chak ane e avyon li desèvi plis pase 100 destinasyon. Sepandan, aprè 12 zan operasyon, Air-Azi pa vrèman rive gen yon non nan mond transpò ayeryen an. Vrè fòs konpayi an se direktè jeneral li a, Tony Fernandes, yon antreprenè malezyen ki gen 50 tan e ki se yon ansyen dirijan nan endistri mizikal la. ]\

Se Tony Fernandes ki te fonde «Tune Air » an 2001; objektif la sete mete vwayaj a bon mache ala dispozisyon kliyan ki sòti nan mas pèp la e ki pa gen gwo lajan. Yon ane apre sa, Misye Fernandes ak asosye li yo te achte liyn ayeryèn Air-Azi a pou yon montan senbolik 25 santim ameriken. Avèk pri tikè bon machel li yo, konpayi an te lanse yon piblisite avèk yon slogan ki di : « Kounye a tout moun kapab vwayaje ann avyon.»

XS
SM
MD
LG