Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti: 3 Pouvwa yo Siyen yon Akò pou Palman an Rete an Plas Apre 12 Janvye 2015.


Manm Sena Ayisyen an pandan yon seyans.
Manm Sena Ayisyen an pandan yon seyans.

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly, lidè Sena a, Desra Simon Dieuseul, ak lidè Chanm Depite a Stevenson Jacques Thimoleon, ak Mèt Arnel Alexis Joseph, prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) siyen yon akò ki prevwa pou depite yo rete nan pòs yo rive jous 24 avril 2015, tandiske manda 10 senatè (2 tyè Sena a) ap fini nan dat 9 septanm menm ane a. 3 pati yo siyen akò a byen ta lendi 29 desanm 2014 la. Dokiman an prevwa fòmasyon yon nouvo KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa) selon espri atik 289 konstitisyon 1987 la, amandman lwa elektoral la, fòmasyon yon gouvènman konsansis apre ratifikasyon deklarasyon politik jeneral Premye Minis deziye a, Evans Paul avan 12 janvye 2015 pou n site dispozisyon sa yo sèlman. Daprè yon dènye pwen ki nan akò a, si youn nan atik yo pa aplike avan dat 12 janvye 2015 la, tout antant la ap vil nil e san valè.

Nouvèl Ayiti: madi 30 desanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:52 0:00
Direct link

Pwofesè dwa Gracien Jean, ki rekonèt "Akò 29 desanm nan" gengan anpil aspè pozitif ladan n, kwè prezidan Sena a, Misye Desra, komèt yon erè lè li aksepte siyen yon antant konsa, paske dokiman an pa di anyen sou sa k dwe fèt si Prezidan Michel Martelly pa respekte obligasyon akò a bay pouvwa egzekitif la.

Bò kote pa l, youn nan senatè Depatman Nòdès la, Jean Baptiste Bien-Aime, rekonèt asanble palmantè a te bay Misye Desra yon dokiman pou l al negosye ak Prezidan Michel Martelly. Nan yon entèvyou eksklizif al Lavwadlamerik, senatè a di li menm ak kòlèg li yo pa dakò ak anpil pwen ki nan akò a. Pa egzanp, pou Misye Bien-Aime, delè120 jou akò fikse pou eleksyon dewoule nan peyi a se deja yon siyn ki montre antant politik sa a deja echwe.

Pandansetan Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD) ak alye l yo anonse patizan yo pral pran beton an, nan dat madi 30 desanm 2014 la ak jedi 1e janvye 2015 pou yo kontinye mande demisyon Prezidan Martelly. Nan yon konferans pou laprès lidè opozisyon an bay, yo anonse yo pare pou yo pran lòt dispozisyon si demand yo pa jwenn satisfaksyon.

XS
SM
MD
LG