Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Nome Evans Paul Premye Minis Peyi Dayiti


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly

Pòtpawòl prezidans Ayiti a, Lucien Jura, di Lavwadlamerik prezidan Martelly nome Evans Paul Premye Minis nan kad rekòmandasyon ki te parèt nan rapò komisyon prezidan ayisyen an te kreye a.

Msye Jura di VOA, Premye Minis deziye a Evans Paul genyen pou l fòme kabinè li e prezante deklarasyon politik jeneral li devan palman an anvan lontan.

Prezidan Martelly nome Evans Paul Premye Minis Ayiti, apre l te pwomèt pou l fè chwa Premye Minis definitif la nan yon mesaj li te mete devan pèp ayisyen an jou mèkredi 24 desanm 2014 la, nan okazyon fèt fen dane yo.

Men tèks mesaj Prezidan Michel Martelly a:

« Frè m ak Sè m yo nan kat kwen peyi Dayiti epi lòt bò dlo,

Mwen voye yon gwo kout chapo pou nou. Mwen konnen jan fèt nwèl la se yon moman enpòtan nan lavi chak ayisyen.

Jounen sa a espesyal paske Nwèl se fèt lapè, se fèt solidarite youn ak lòt. Se yon tan ki envite nou pataje, yon tan pou nou antann nou, pou nou pote kole youn ak lòt. Se yon tan ki mande refleksyon, yon fason pou nou ka rezoud pwoblèm ki mete nou dozado.

Ayisyèn, Ayisyen,

Tankou mwen toujou di nou, se nan tèt ansanm nap jwenn fòs pou nou devlope peyi a. Jou Nwèl sa a, se mesaj fratènite, rekonsilyasyon ak lanmou mwen pote pou nou. Se nan menm lespri Nwèl sa a mwen te envite plizyè lidè politik, plizyè pati politik, plizyè asosyasyon nan dyalòg pou pèmèt nou chanje peyi sa a.

Nou tout se Ayisyen, nou tout gen dwa pou nou di mo pa nou, pou nou fè tande vwa nou nan zafè peyi a. Tout sa ka fèt nan respè youn pou lòt, nan respè dwa tout moun. Mwen gen anpil konfyans nan kapasite chak Ayisyen pou yo fè sa ki bon pou peyi a. Mwen konnen tèt ansanm ak bon jan aksyon ap mennen nou nan chimen demokrasi ak devlòpman.

Pou peyi a ka avanse, anpil sakrifis ak anpil konpromi fèt. Nan sakrifis sa yo, Premye minis Laurent Lamothe te remèt demisyon l ak tout gouvènman l lan. Konsa, jan atik 165 konstitisyon an mande l la, mwen nonmen Minis Sante Piblik la, Madame Florence Duperval Guillaume, kòm Premye Minis pou yon ti bout tan, yon fason pou Leta kapab toujou kontinye fonksyone.

Jodi a mwen fèk sot resevwa Prezidan Sena a ak Prezidan Chanm Depite a, pou nou diskite sou chwa nouvo Premye Minis la. Apre konsiltasyon sa yo, gen 3 non ki retni pou plas Premye Minis la: Misye Hervé Day, Misye Charles Jean-Jacques ak Misye Evans Paul. Demen 25 desanm nan, yon arete prezidansyel pral konfime chwa definitif la. Nan jou Nwèl sa a, nap mande Granmèt la voye je sou peyi Dayiti, sou tout pitit li yo, isit kou lòtbò dlo. Mwen envite tout moun rete kèkal.

Mwen swete nou tout sante, bonè, lapè ak reyisit.

Jwaye Nwèl, Bòn Ane.

Bondye beni nou.

Bondye beni Ayiti.

Mèsi.

XS
SM
MD
LG