Accessibility links

Breaking News

Plis pase 60 Jounalis Pèdi Lavi yo nan Lemond Pandan Ane 2014 la


Yon tablo ki montre peyi kote jounalis pèdi lavi yo pandan ane 2014 la.
Yon tablo ki montre peyi kote jounalis pèdi lavi yo pandan ane 2014 la.

Komite pou Pwoteksyon Jounalis, yon gwoup kap defann libète laprès nan lemond, fè konnen 60 repòtè pou pi piti mouri nan ane 2014 la pandan yo tap egzèse fonksyon yo; pami viktim sa yo genyen jounalis lokal ak manm près entènasyonal la. Chif sa a vle di kantite travayè laprès ki mouri pandan 12 mwa ki pase yo reprezante yon pousantaj ki pi wo pase chif KPJ te anrejistre pandan 2 zan ki te vini anvan yo. Daprè rapò a toujou, jounalis lokal yo kontinye reprezante youn nan pi go sib atak ki fèt sou laprès atravè lemond ; sepandan 23 pousan nan sa ki mouri yo se jounalis entènasyonal.

Dokiman an fè konnen Lasiri okipe premye pozisyon pami peyi ki pi danjre pou travayè laprès avèk 17 jounalis ki mouri. 5 pèdi lavi yo nan peyi Irak ak Ikrèn, tandiske 4 mouri nan Somali e pandan lagè ant Izrayèl ak militan palestinyen yo. KPJ ajoute, pandan 3 zan ki pase yo, 2014 la ranpòte labanyè pou valè san jounalis ki koule.

Rapò Komite pou Pwoteksyon Jounalis la di 3 jounalis pèdi lavi yo nan Afganistan, Pakistan ak Paragwe ; 43 pousan nan plis pase 60 viktim yo mouri asasine, tandiske 38 pou san tonbe pandan yo tap chache fè repòtaj sou konfwontasyon ant gwoup rival, oubyen yo te viktim kolateral boukantaj koutzam ki tap fèt ant 2 kan advès.

XS
SM
MD
LG