Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti: Reyakson Apre Nominasyon yon Premye Minis Enterimè


Premye Minis Pwovizwa a, Florence Duperval Guillaume, av 138k Premyè Dam nan, Sophia Martelly (foto achiv).
Premye Minis Pwovizwa a, Florence Duperval Guillaume, av 138k Premyè Dam nan, Sophia Martelly (foto achiv).

Ann Ayiti, desizyon Prezidan Michel Martelly pran pou l nonmen Minis Sante Piblik gouvènman demisyonè a, Florence Duperval Guillaume ,kòm Premye Minis enterimè soulve reyaksyon palmantè yo. Senatè nò a Wesner Polycarpe konsidere desizyon chèf deta a kòm sa li re le "yon panzou", paske, daprè li, desizyon sa a vyole konstitisyon an. Palmantè a di atik 165 konstitisyon 1987 la mache ansanm ak atik 149 la ki prevwa, an ka de vakans prezidansyèl, se Premye Minis la k ap ranplase Prezidan an. Senatè Sidès la, Wencesclass Lambert, bò kote pa l, deklare Premye Minis Guillaume pat gen bon rapò ak palman an kòm Minis Sante Piblik nan gouvènman demisyonè a. Men, daprè palmantè Lambert, chwa sa a pa ni ilegal ni enkonstitisyonèl

Nouvèl Ayiti: madi 23 desanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:47 0:00
Direct link

Pòtpawòl prezidans la, Lucien Jura, li-menm, atire atansyon sou le fèt ke nominasyon sa a fèt yon semèn apre ansyen Premye Minis Laurent Lamothe te bay demisyon n, an akò ak rekòmandasyon Komisyon Konsiltatif la te fè lidè ayisyen an. Ann atandan, Prezidan Michel Martelly ap travay ak sektè konsène yo pou l deziye yon Premye Minis definitif sou yon lis ki gen 5 pèsonalite sou li.

Anfen, analis politik Camille Edouard rekonèt prerogativ chèf deta a genyen pou l nonmen yon Premye Minis Enterimè pou yon peryòd 30 jou ann atandan li soumèt yon nouvo Premye Minis devan palman an pou ratifikasyon.

Pandanstan, yon lòt branch nan opozisyon an ki gen ladan n Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD), fè konnen l ap kontinye manifeste jiskaske Prezidan Michel Martelly va bay demisyon n. Regwoupman politik sa yo pibliye yon kalandriye manifestasyon k ap kòmanse nan dat 24 desanm 2014 la pou rive nan dat 2 janvye 2015. Objektif la se "mande prezidan an rache manyòk li." Gwoup opozisyon sa yo rejte tout envitasyon chèf deta a voye bay yo pou yo patisipe nan yon seri de konsiltasyon sou mwayen pou rezoud kriz politik la.

XS
SM
MD
LG