WASHINGTON, D.C. —
Angels' Family se yon gwoup jèn ayisyen ki chante mizik relijye ---stil “Gospel”. Gwoup sa a ap selebre, nan dat 25 desanm 2014 la, 12e anivèsè li.
Nan okazyon sa a, Angels' Family ap ofri non sèlman yon konsè espesyal nan Caribe Convention Center, men tou lap fè vant-siyati 3e CD li ki gen pou tit «Dieu est ». LavwaLamerik pran kontak ak maestro gwoup la, Hervé Lominy, ki pale ak konviksyon pou l di li vle rive nan syèl ak Angel’s Family.