Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Defavorab kont Rapò Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la


Nan moman Prezidan Michel Martelly ap pare pou l mete devan nasyon an yon mesaj kote l pral bay pozisyon n sou rapò Komisyon Konsiltativ Prezidansyèl la, anpil reyaksyon defavorab sòti nan klas politik la, sitou nan opozisyon an, ki di li pa gen anyen pou l wè ak dokiman komisyon an remèt chèf deta a nan dat madi 9 desanm 2014 la. Korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild Francois Junior, genyen, pa egzanp, reyaksyon Madam Mirlande Manigat, Sekretè Jeneral RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis ).

Nouvèl Ayiti pou Jounen Jedi 11 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:47 0:00
Direct link

Lòt reyaksyon : Korespondan nou nan Pòtoprens, Orpha Dessources, fè konnen prezidan chanm depite a, Jacques Steevenson Timoléon, rejte rekòmandasyon komisyon konsiltativ prezidansyèl la. Mesye Thimoléon (Depite Tigwav) presize , se sèlman yon konpwomi politik ki kapab ede jwenn yon solisyon nan kriz politik la.

Pandansetan, kowòdonatè komisyon konsiltatif la, Dr Réginald Boulos, ankouraje Prezidan Michel Martelly adopte, nan totalite yo, seri rekomandasyon ki nan rapò komisyon an. Mesye Boulos, ki pale konsa sou antèn Lavwadlamerik, presize konstitisyon amande a prevwa fòmalite pou chwazi ak ratifye yon premye minis.

XS
SM
MD
LG