Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Misyon Akonpli pou Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la


Nan yon seremoni kap dewoule madi 9 desanm 2014 la, nan Palè Nasyonal la, nan Pòtoprens, Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la pral remèt ofisyèlman rapò travay li bay Prezidan Michel Martelly . Yon jou anvan sa, 11 mamm komisyon an --ki deja siyen dokiman an, dapre nouvèl ki rive jwenn laprès-- te rankontre ak Prezidan an pou yon seyans travay. Apre reyinyon sa a, chèf deta a te pale ak jounalis yo pou l remèsye komisè yo ak laprès epi anonse seremoni ki fikse pou madi a.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Madi 9 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:48 0:00
Direct link

Pandansetan, korespondan nou nan Pòtoprens, Orpha Dessources, fè nou konnen avoka André Michel apiye pwopozisyon youn nan manm komisyon an e ansyen Senatè Gabriel Fortuné ki mande yon odit sou jesyon fon Petro Karibe a. Nan sans sa a, Mèt Michel mande kreyasyon yon komisyon pou mennen ankèt sou dosye sa a.

Nan son ki mache ak atik sa a, nou kapab tande analiz ak kòmantè lidè OPL la (Oganizasyon Pèp kap Lite), Pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, sou travay komisyon konsiltatif la nan mikwo Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG