Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik / Komisyon Konsiltatif la Anonse Travay li Pran Fen


Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la ap pare nan pou renmèt rapò li bay Prezidan Repiblik la, Michel Martelly, nan moman yon dezinyon ki pete nan mitan manm yo pran lari.

Yon lòt kote, Sena ayisyen an, ki nan retrèt, voye yon korespondans bay Prezidan Martelly pou mande l pran responsabilite l nan kriz peyi a ap konfwonte a, byen ke gwoup 6 senatè ki refize travay sou amandman konstitisyon an pa siyen lèt sa a. Pandansetan, manifestan kontinye pran lari pou yo reklame depa chèf deta a ak Premye Minis Laurent Lamothe.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Lendi 8 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:48 0:00
Direct link

Se prensipal pwen Jacquelin Belizaire abòde ak korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois pandan korespondan nou nan Depatman Sid la, Jean Hernst Eliscar, fè konnen plizye dizèn mann gwoup Opozisyon San Blòf (OSB) manifeste nan weekend nan pou mande depa Prezidan Martelly --manifestasyion ki te jwenn sekirite nan men Polis Nasyonal la ak MINUSTAH.

XS
SM
MD
LG